Si w se yon benefisyè Medicare ki pa gen anpil revni, Pwogram Asistans Prim Medicare (MPAP) ka ede w peye kèk oswa tout depans pou pataje depans Medicare ou yo (prim, kopeman, ak ko-asirans). MPAP fè pati pwogram Ohio Medicaid. Pafwa yo rele MPAP “Medicare buy-in” oswa “Medicare savings program”. Tout non sa yo refere a kat pwogram:
- pwogram Benefisyè Kalifye Medicare (QMB);
- pwogram Specified Low-Income Medicare Benefisary (SLMB) la;
- pwogram Endividi Kalifye-1 (QI-1) ; epi
- pwogram pou moun ki andikape k ap travay ki kalifye (QWDI).
MPAP ap peye diferan frè pou ou si ou kalifye pou youn nan kat pwogram yo.
Anplis de sa, si w kalifye pou QMB, SLMB oswa QI-1, Sekirite Sosyal ap enskri w otomatikman nan pwogram Èd Siplemantè li a ki ede w peye pri medikaman sou preskripsyon.
Chak pwogram gen diferan limit revni, ak lòt kondisyon kalifikasyon. Gen kèk revni ak kèk byen yo konte epi diferan limit ka aplike selon sikonstans ou.
Ou ka aplike pou MPAP nan Depatman Sèvis Travay ak Fanmi Konte lokal ou a, pafwa yo rele “Departman Byennèt Konte” oswa “Konte Medicaid”. Pou adrès biwo ki pi pre a, rele Liy Asistans pou Konsomatè Medicaid la nan (800) 324-8680.
Si w aplike, epi konte a di ou pa kalifye, alò chèche konsèy epi fè apèl si w pa dakò ak desizyon konte a. Èd Legal ka kapab ede w.
Enfòmasyon sa yo te mete ajou nan mwa avril 2024.